18 Me 2025 – Fèt Drapo a: CONAFUDSO, RENAFECA ak lòt fanm angaje lanse yon apèl inite pou sove Ayiti

Nan kad selebrasyon Fèt Drapo ak Inivèsite 18 Me 2025 la, plizyè fanm angaje ak òganizasyon fanm te mete tèt ansanm pou lanse yon apèl pou inite, chanjman ak angajman sitwayen an favè Ayiti. Santia Duvano Lucien, kòdonatris CONAFUDSO (Coordination Nationale des Femmes Unies pour le Développement Social), RENAFECA, te mache nan lari Petyonvil ak sou Wout Dèlma ansanm ak plizyè lòt fanm.

Mme Syntia te pwofite okazyon an pou fè yon apèl espesyal bay fanm yo. “Ayiti se pitit pa nou, se tan pou nou pran swen li ak lanmou,” se deklarasyon li te fè pandan li tap pale ak laprès. Li ankouraje medam yo pou yo konsidere tèt yo kòm poto mitan chanjman ak rekonstriksyon nasyonal la.

Aksyon sa a rantre nan yon mouvman pi laj kote fanm yo, atravè CONAFUDSO, ap mobilize pou mete fanm nan sant desizyon yo, ranfòse solidarite, epi defann valè tankou diyite, edikasyon ak jistis sosyal.

A lire aussi :

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *