Jodi a, 20 septanm, pèp ayisyen an bese tèt li devan memwa Anperè Jean-Jacques Dessalines, papa fondatè nasyon an, senbòl libète ak diyite pou tout jenerasyon. Li te fèt esklav, men ak kouraj li, ak jeniy militè li, li leve tèt li pou l tounen liberatè yon pèp, pou l bati premye Repiblik nèg endepandan nan lemonn.
Jounen sa a, yo rele “Jounen Desalin”, se pa yon dat sèlman nan kalandriye : se yon dat vivan, se yon apèl pou nou pa janm bliye sakrifis ki te fèt pou diyite nou. Desalin se modèl brav, detèminasyon ak diyite ki pa janm bese devan enjistis.
Nan li, Ayiti rekonèt gason kanson ki te transfòme doulè esklavaj an viktwa klere sou kolonizasyon. Nan li, nou kontinye jwenn fòs pou n kwè nan yon Ayiti lib, ini ak fyè de eritaj li.
Onè ak respè pou Desalin !
Se egzanp li ki dwe kontinye klere sou chimen nou pou ini, jistis ak pwosperite.


