Ministè Ayisyen ki Ap Viv Aletranje (MHAVE) ap lanse yon apèl ijan pou mete fen nan diskriminasyon ak kanpay manti ki vize kominote Ayisyen ki nan dyaspora a. Deklarasyon sa a fèt apre yon seri atak vèbal diskriminatwa plizyè politisyen ameriken te fè kont Ayisyen k ap viv nan Springfield, Ohio, kote yo te itilize rimè san fondman pou detounnen imaj konpatriyòt nou yo.
MHAVE, avèk fòs ak determinasyon, eksprime endiyasyon li devan zak sa yo ki pa sèlman degrade imaj Ayisyen aletranje, men tou kapab kreye yon klima ostil ki mete sekirite yo an danje. Nan kominike sa a, Minis Ayisyen ki Ap Viv Aletranje, Dominique Dupuy, mande tout Ayisyen pou yo rete ini e kanpe ansanm nan yon sèl vwa pou defann diyite yo ak imaj pèp ayisyen an.
Reyaksyon Minis Ayisyen ki Ap Viv Aletranje
Minis Dominique Dupuy te pran inisyativ pou reyini, madi 10 septanm 2024, plis pase 50 lidè kominotè, relijye, ansanm ak responsab plizyè òganizasyon k ap travay ak migran nan zòn sa yo, nan yon rankont vityèl. Nan rankont sa a, Dr Nikita Séjour, konseye Premye Minis la, te patisipe pou eksprime solidarite gouvènman ayisyen an ak kominote ki afekte yo.
“Nou vle eksprime solidarite nou avèk frè ak sè nou yo, epi voye yon mesaj klè ke nou rejte ak tout fòs deklarasyon manti ak move enterpretasyon ki atake diyite konpatriyòt nou yo. Nou pa ka tolere okenn kalite deklarasyon ki gen potansyèl pou mete lavi yo an danje,” te deklare Minis Dupuy.
Solidarite ak Aksyon Pou Pwoteje Kominote Ayisyen an
MHAVE, ansanm ak lòt òganizasyon nan dyaspora a, ap evalye tout estrateji posib pou asire ke konpatriyòt yo jwenn pwoteksyon otorite konpetan yo. Yo pral mete aksan sou tout inisyativ legal ki ta ka ede defann dwa migran ayisyen yo, epi anpeche move tretman, entimidasyon, ak diskriminasyon nan kominote kote yo ap viv yo.
Nan kad efò sa yo, MHAVE ap travay men nan men avèk misyon diplomatik ak konsilè yo pou deplwaye yon mekanis sipò ki vize soutni ak pwoteje Ayisyen nan dyaspora a, kelkeswa kote yo ye. Ministè a ap chèche pwoteje ak ranfòse dwa ak sekirite konpatriyòt nou yo, pandan l ap kontinye kolabore ak otorite ameriken yo pou mete fen nan sitiyasyon sa a.
Rejè Kanpay Demanizasyon yo
MHAVE te byen klè nan pozisyon li pou di kanpay manti ak deklarasyon fo ki fè akize Ayisyen nan Springfield kòm yon menas pou kominote ameriken an, se yon aksyon ki enjustifyab e ki vyole tout prensip respe ak diyite moun. Plizyè politisyen ameriken te fè deklarasyon manti ki akize Ayisyen yo kòm moun ki poze menas pou sekirite piblik la, pandan yo di ke migran yo te konn atake bèt nan kominote a, yon fo nouvèl ki rapidman demanti.
Deklarasyon sa yo montre klèman ke Ayisyen yo viktim yon demanizasyon ki pa gen okenn baz, e MHAVE fè konnen li pral kontinye batay kont pwopagann sa a, pandan l ap kolabore ak tout sektè enpòtan pou defann dwa ak enterè Ayisyen yo nan dyaspora a.
MHAVE ap ankouraje tout Ayisyen nan dyaspora a rete vijilan, angaje yo nan pwosesis legal pou defann dwa yo, epi kolabore avèk otorite lokal yo pou asire sekirite yo kont nenpòt fòm entimidasyon ak estigmatizasyon.
Solidarite Ayisyen an Pi Fò Pase Janm Menm
Nan kominike sa a, MHAVE fè konnen li pral kontinye ranfòse solidarite nan mitan kominote Ayisyen yo, pandan li ap fè tout efò pou jwenn sipò legal ak diplomatik pou Ayisyen ki viktim de move tretman ak diskriminasyon nan lòt peyi yo. Se yon apèl pou tout Ayisyen, kelkeswa kote yo ye, kanpe ansanm pou montre mond lan ke yo se yon pèp fyè, ki kanpe pou diyite ak respè.
MHAVE fè konnen ke batay sa a pou respè dwa Ayisyen nan dyaspora a se yon priyorite nasyonal, e li pap janm bay vag nan efò li pou pwoteje konpatriyòt yo kont zak diskriminatwa ak entimidasyon.


