Nan mizik li ki rele “Lakay Granmoun Gen Lòd”, K-Dilak pote yon mesaj pwisan kote li montre jan l’ap chache pwoteksyon ak fòs nan mitan difikilte lavi. Nan yon tèks plen ak senbolis ak referans a tradisyon ayisyen, K-Dilak rantre nan zafè rasin kiltirèl ak espirityalite pèp la pou l chèche jwenn gerizon e tou, ranfòse tèt li kont tout bagay ki ka anpeche l avanse.
Mizik la kòmanse avèk yon anvi prale nan mòn, yon kote ki senbolize lapè, gerizon ak koneksyon ak zansèt yo. K-Dilak eksprime tou yon santiman ke lavi vin pi difisil, avèk pèsekisyon ak traka ki vini, tankou lè zanmi vire do ba ou lè w kòmanse reyalize siksè. Nan yon dezi pou sove lavi li ak remonte moral li, la l chache yon beny fèy ak lòt rityèl ki esansyèl nan tradisyon vodou ayisyen pou chase move zafè ak malediksyon.
Lakay Granmoun Gen Lòd se yon fraz ki parèt nan tout chante a kòm yon rapèl enpòtan ke lè w respekte granmoun yo, ou jwenn direksyon ak pwoteksyon. Lakay granmoun gen respè ak lòd; ou antre avèk lone epi soti avèk respe. Sa senbolize zansèt yo, kote w jwenn fòs lè w swiv rityèl yo epi kenbe tradisyon yo vivan. Se yon chante ki montre koneksyon pèp la ak rasin espirityèl li, yon fason pou pwoteje tèt yo ak chache direksyon nan lavi.
Nan Lakay Granmoun Gen Lòd, K-Dilak mete aksan sou enpòtans kiltirèl ak espirityèl granmoun yo, yon rapèl ke nan moman difikilte, se lakay yo w al chèche fòs, pwoteksyon ak lòd. Chante a fè sonje ke sa ki granmoun yo pase, sa ki ansyen yo, toujou gen yon plas enpòtan nan lavi chak moun, epi se nan respè ak konesans yo w jwenn lavi.
Mizik la se yon onè pou tradisyon ayisyen ak kwayans pèp la nan fòs zansèt yo, yon mesaj ki fè sonje ke menm nan moman kote lavi difisil, espirityalite ak respè pou granmoun toujou se chemen ki mennen nan gerizon ak fòs.


