Nan yon deklarasyon etonan, JD Vance, kandida repibliken pou pòs vis-prezidan, te deklare li pare pou « kreye istwa » pandan kanpay li, pandan li jistifye pwopagasyon rimè manti ak rasis ki di imigran ayisyen yo nan Springfield, Ohio, ap vòlè ak manje bèt domestik.
Vance te fè deklarasyon sa yo sou CNN nan emisyon State of the Union, kote li te di li santi bezwen pou l envante istwa pou medya yo « vreman atire atansyon sou soufrans pèp ameriken an ».
Lè yo kritike l, tankou Sekretè Transpò Pete Buttigieg ki te kritike l tou, Vance defann pawòl li yo an di ke istwa sa yo te vize montre echèk politik migrasyon pandan Kamala Harris ap sèvi kòm vis-prezidant avèk Joe Biden. Vance te ale pi lwen, li te rele Ayisyen yo nan Springfield « ilegal », pandan majorite nan yo gen estati pwoteksyon tanporè akòz vyolans k ap pase nan peyi a.
An konklizyon, JD Vance rekonèt se li ak Donald Trump ki te envante yon fo istwa sou imigran ayisyen yo pou atire atansyon medya yo, menm si sa lakòz difamasyon, rasis, ak ensiltasyon kont imigran ayisyen yo nan Springfield. Deklarasyon l yo te ogmante tansyon ak chofe rasis nan kominote a. Pwopagasyon rimè sa yo montre kijan rasis ak manipilasyon ka sèvi kòm zouti politik, men yo tou mete an danje sekirite ak inite kominote lokal yo. Menm jan responsab nan zòn nan rejte manti sa yo, li klè ke politik pa ta dwe bati sou divizyon ak fo akizasyon.


