Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè yon rapèl bay piblik la an jeneral ak kominote edikatif la an patikilye, sou fiksasyon frè kontribisyon pou lekòl leta yo. Dapre ministè a, frè kontribisyon pou twazyèm sik fondamantal ak segondè yo fikse a 1 500 goud.
Frè sa a pral sèvi pou kouvri divès sèvis tankou netwayaj lekòl la (pentire), fè afich, achte fèy pou egzamen yo, epi pou lòt aktivite pedagojik ki makonnen ak kalandriye lekòl la. Ministè a fè konnen klèman ke okenn direktè lekòl leta pa gen dwa mande okenn frè anplis. Nenpòt moun ki vyole regleman sa a ap sibi sanksyon dapre dispozisyon lalwa.
MENFP tou pwofite raple ke frè kontribisyon yo entèdi pou elèv ki nan premye ak dezyèm sik fondamantal (soti nan 1ye ane rive 6yèm ane). Leta pran responsablite pou peye yon sòm 400 goud pa elèv pou kouvri bezwen sa yo.
Ministè a mande Direksyon Depatmantal Edikasyon yo, ak sipò Enspektè Distrik ak Zòn yo, pou pran tout dispozisyon nesesè pou asire respè ak aplikasyon estrik sa yo nan tout lekòl piblik nan peyi a.


