Disparisyon MechansT: Haly Emilien, Youn nan Organizatè Vwayaj la Arete nan Florid

Otorite ameriken yo mete men sou Haly Emilien, youn nan responsab prezime yon vwayaj klandesten ki te dewoule ant Bahamas ak Etazini. Emilien, ki te jwe yon wòl nan ekipaj la kòm òganizatè, te jwenn arestasyon li vandredi 6 septanm 2024 la, nan Broward, Florid. Vwayaj sa a te yon trajedi kote plizyè moun te disparèt, enkli atis ayisyen Jonathan Désir, plis mon konnen sou non MechansT, yon disparisyon ki fache ak boulvèse kominote ayisyèn nan depi plis pase de (2) mwa.

Nan moman sa a, Haly Emilien ap pase tan li nan prizon prevantif pandan lajistis amerikèn ap prepare dosye li. Fanmi Mechans-T ak lòt fanmi ki te pèdi pwòch yo nan menm vwayaj trajik sa a te deklare ke Haly se te youn nan moun ki te planifye vwayaj la. Malerezman, kèk jou apre yo te remake disparisyon an, fanmi yo te eseye kontakte Haly nan telefòn men yo pa t ka jwenn li, sa ki te ajoute plis dout sou wòl li nan evènman sa yo. Lajistis dwe tande l pou li prezante akizasyon yo epi pran desizyon final sou kondanasyon posib li.

Arestasyon Haly Emilien vin mete limyè sou yon dosye ki deja sansib pou fanmi viktim yo, pandan lapolis ak otorite jidisyè yo ap kontinye mennen ankèt pou detèmine nivo responsablite li nan trajedi sa a.

A lire aussi :

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *