Ajantin kraze Chili 3-0 nan Estadio Monumental la

Seleksyon Ajantin an te montre dominasyon li san pitye pandan yo te kraze Chili 3-0 nan estad Monumental la, nan kad match eliminatwa pou Mondyal 2026 la. Ekip la, anba direksyon Lionel Scaloni, kontinye ap demontre fòs li nan zòn Amerik di Sid la, asire premye plas nan klasman an.

Match la te byen chofe, men Ajantin te pran kontwòl depi lè match la kòmanse, bay presyon konstan ak bon konbinezon teknik sou teren an. Malgre kèk tantativ bò kote ekip Chili a, defans Ajantin nan rete solid pandan tout match la.

Ajantin te pran avantaj nan minit 48’ gras ak yon gòl byen kalib nan pye Alexis Mac Allister ki ouvri eskò a, mete presyon sou ekip Chili a ki pa t kapab reponn ak ritm Ajantin an. Nan minit 84’, atakan klèb Atletiko Madrid la, Julián Álvarez, fèmen pòt sou nenpòt espwa pou yon retou Chili, lè li double eskò a ak yon fini klinik. Se Paulo Dybala ki mete pwen final sou match la avèk yon twazyèm gòl nan tan adisyonèl (90+1′), pou asire yon viktwa klè.

Ak yon estrateji byen òganize ak yon ekzekisyon enpresyonan, Ajantin te montre fòs li kòm ekip chanpyon mondyal, pandan li kontinye gen bon rezilta nan kanpay eliminatwa sa a. Viktwa sa a ap kontinye ranfòse konfyans ekip Lionel Scaloni a pou objektif yo rive nan Koup du Mond 2026 la.

Avèk viktwa sa a, Ajantin rete an tèt klasman an nan zòn Amérik di Sid la, pandan yo ap pouswiv objektif yo pou rete nan pi bon pozisyon pou Koup di Mond k ap vini an. Gayan Koup du Mond 2022 la montre ke yo toujou an fòm epi pare pou defann tit yo.

Anvan match la, te gen yon moman emosyonèl nan Estadio Monumental la, kote Lionel Messi te voye yon mesaj adye bay ansyen koyekipyèl li, Angel Di Maria, ki pran retrèt entènasyonal li. Mesaj sa a te touche anpil fanatik, epi tout moun te rann omaj ak Di Maria pou kontribisyon ekstraòdinè li nan seleksyon an.

A lire aussi :

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *