Jedi 22 dawout 2024, Premye Minis Doktè Garry Conille ansanm ak plizyè manm nan Gouvènman an te reyini nan vil Okap, depatman Nò peyi a. Anba prezans plizyè anbasadè, tankou sa Etazini, Kanada, Lafrans, Espay, Meksik, Chili, ak Swis, ansanm ak reprezantan Nasyonzini ak Inyon Ewopeyèn, yo te prezante estrateji ak pwogram Gouvènman an ap mete sou pye pandan peryòd tranzisyon an.
Nan diskou li, Premye Minis Garry Conille mete aksan sou objektif Gouvènman an ki vize rezoud kriz sekirite a, fè refòm konstitisyonèl, epi òganize eleksyon jeneral nan peyi a. Li soulinye tou enpòtans sipò patnè entènasyonal yo, ki pral ede reyalize pwojè sa yo san fòs kote.
Anbasadè ak reprezantan peyi zanmi Ayiti yo, ki te prezan nan rankont lan, renouvle angajman yo pou sipòte Gouvènman an pandan tout peryòd tranzisyon an. Yo eksprime volonte yo pou ede nan nivo yo kapab, pou ede Ayiti reyalize objektif devlopman li yo avèk siksè.


