Medjy, ansyen manm gwoup Enposib, ap fè gwo retou li sou sèn nan avèk yon mesaj chaje ak emosyon ak rekonesans pou fanatik li yo. Sou kont Instagram li, atis la te pataje pawòl sa yo:
“Mèsi pou tout bèl mesaj, kòmantè, ‘I miss you’, ‘mwen renmen w’ nou yo, ak tout videyo lanmou pou mizik mwen yo. Lavi a pa fasil, men mwen swete nou kenbe epi fè pi byen chak jou.”
Medjy revele li t ap travay sou pwojè sa pandan yon bon bout tan epi li kontan jou a finalman rive pou pataje eksperyans sa avèk piblik la. Premye gwo konsè solo l, ki rele “48 Rebecca, Le Concert”, ap dewoule 22 fevriye 2025 nan Place Bell, Quebec.
Li envite tout fanatik li yo ak yon mesaj chaje ak chalè: “Pase yon bèl jounen e mwen swete wè nou tout. Mwen renmen nou.”
Retou sa a make yon nouvo chapit nan karyè Medjy, ki sètènman ap pote yon lòt dimansyon nan mizik ayisyen an. Fans yo gen gwo espwa ke konsè sa pral yon eksperyans inoubliyab.


