Ak sèlman yon trailer ki dire 23 segonn, Bedjine, youn nan pi gwo zetwal mizik Ayiti a, frape fò sou rezo sosyal yo. Yon videyo tou kout, men ak yon enpak ki fè tout fanatik ap tann ak enpasyans nouvo pwojè li a.
Nan « trailer » la, Bedjine chante ak emosyon « Ou jwe w pa ganye, je w pa kale. Pou w wè modèl moun sa ou genyen w vle kite l ale… Ou jwe w pa ganye, monchè w pa kare. » Pawòl sa yo kite fanatik yo nan yon eta kote yo anvi dekouvri videyo a konplètman epi wè ki direksyon karyè Bedjine ap pran nan pwojè sa a.
Fanatik yo pat pran tan pou yo te reyaji sou TikTok sèlman kèk minit apre Bedjine te lage ti bout videyo a. Sa montre kijan atis la reyalize yon gwo enpak sou rezo sosyal yo, kote fanatik yo angaje yo nan fè divès kreasyon ak mizik li. Challenge sa yo, ki souvan enplike dans ak mouvman ki asosye ak pawòl yo, se yon fason pou fanatik yo montre sipò yo ak patisipe nan lansman nouvo travay Bedjine.
Dapre sous ki pwòch ekip li a, pwochen videyo sa a te anrejistre kay vwazen an Repiblik Dominikèn, sa ki pwomèt yon eksperyans vizyèl ak kalite siperyè. Malgre dat lage videyo a toujou nan lonbray, fanatik yo deja ap konte jou pou lage pwochen albòm li a ki fikse pou 11 oktòb.
Ak yon 23 segonn sèlman, Bedjine fè tout moun ap tann. Lè ou panse sou sa, ou pa ka inyore enpak mizik li sou sèn ayisyèn nan. Mesaj li pote nan trailer la, anplis bèl vokal li yo, pwomèt yon travay ki pral make sèn mizik la nan semèn kap vini yo.


