Baselòn kontinye fè bri nan Liga ak yon viktwa 7-0 sou Valadolid, demontre yon fòs ak kontwòl total nan match la. Ak yon ekip byen òganize anba direksyon Hansi Flick, Baselòn te toujou aktif depi kòmansman sezon an.
Nan premye mitan, Raphinha (20e) te pèmèt yo te pwan avantaj ak yon bèl gòl, ki te suiv ak yon lòt gòl nan men Lewandowski (24e). Raphinha, ki te sou yon bon fòm, te fè premye triplé li nan Baselòn avèk de lòt gòl (64e ak 73e), pandan Koundé te ajoute yon lòt gòl (45e+4).
Apre yon lòt bèl pas nan men Dani Olmo ak Ferran Torres ki te reyalize de lòt gòl yo (82e ak 87e), Baselòn te fini match la ak yon eskò ki fòse yo rete sèl nan tèt Liga. Reyal Valadolid pral bezwen amelyore pèfòmans yo si yo vle rete nan elit espanyòl la.


